Pwogram Prete Tablèt
Tcheke yon tablèt ki gen aksè entènèt san fil ak kapasite Wi-Fi entegre ladan ke ou ka pote lakay ou epi itilize li gratis ak kat bibliyotèk ou.
Moun ki gen kat bibliyotèk yo ka tcheke yon tablèt Android 8-pous pou itilize lakay yo, nan pak, nan otobis oswa nan tren - apeprè nenpòt kote - pou travay, lekòl oswa navigasyon pèsonèl pou 30 jou. Chak tablèt gen aksè entènèt san fil ak kapasite Wi-Fi entegre ladan epi li tou chaje avèk plizyè aplikasyon popilè, ki gen ladan aplikasyon medya sosyal ak reyinyon, aplikasyon bibliyotèk pou aprantisaj sou entènèt ak jwi liv elektwonik, liv odyo, fim, mizik ak plis ankò.

Tcheke twous tablèt bibliyotèk yo
- Chak moun ki gen kat Sistèm Bibliyotèk Piblik Miami-Dade yo ka tcheke yon tablèt.
- Yo prete twous tablèt yo pou 30 jou. Yo va renouvle prè tablèt yo jiska twa fwa apre dat delè orijinal la si pa gen okenn lòt kliyan ki ap tann tablèt. Tanpri siveye dat limit yo pou ou evite ke yo chaje w pri konplè ranplasman twous tablèt la.
- Tanpri retounen twous tablèt ou a nan nenpòt lokal bibliyotèk. Tanpri, pa retounen twous tablèt yo nan bwat pou mete liv.
- Tanpri, pa bliye transfere kèlkeswa kontni ou te kreye sou tablèt la ke ou ta vle konsève definitivman. Lè w retounen tablèt la, yo va efase tout done pèsonèl ak dosye.
- Tanpri pran swen twous tablèt ou an. Yo va aplike frè si tablèt la oswa nenpòt akseswa ki pèdi oswa andomaje. Yo va sispann privilèj kat bibliyotèk jiskaske yon moun retounen twous tablèt la oswa ou peye dèt ki sou kont lan.
Kontni TwousTablèt la |
Chaj Tablèt Domaje/Pèdi |
Tablèt |
$264 |
Bwat Klavye a |
$25 |
Plòg Kouran |
$10 |
Kab Mikwo USB-C |
$10 |
Mikwo USB |
$10 |
Bwat Twous |
$10 |
- Yo pa ka pousuiv bibliyotèk la epi li refize tout responsabilite pou jan moun ki prete tablèt la itilize li epi li pwoteje kont tout pwosè pou domaj.
- Bibliyotèk la pa responsab pou nenpòt fichye, done oubyen enfòmasyon pèsonèl yo konsilte/transmèt etan yo te ap sèvi ak tablèt la oubyen ak fichye ki sou tablèt la.