Mesaj Direktè A
Raymond Santiago
Byenveni nan sistèm biblyotèk piblik Miami-Dade la. Gid Sèvis sa a la pou bannou yon ide jeneral sou sa sistèm biblyotèk la gen pou li ofri, kankou lokal yo, koleksyon yo ak sèvis yo. Byen ke se liv ki pi gwo atou nou, sistèm biblyotèk la adapte tèt li a demann ak bezwen kliyan li yo e li bay sèvis divè ak koleksyon an diferan fòm.
Non sèlman biblyotèk la bay sèvis Entènèt gratis nan tout sikisal li yo, men li ofri tou anpil nan baz de done yo, resous, ak sèvis li yo sou sitwèb la. Lè nou li gid la nou va wè ke biblyotèk la kanpe fèm sou sèvis li yo ansanm ak koleksyon espesyal li yo. An plis de koleksyon liv biblyotèk la an plizyè lang, biblyotèk la ofri tou bon jan koleksyon sou tèm biznis, istwa lokal, jeneyoloji, enfòmasyon sou gouvènman ak lèza. Biblyotèk la demontre ke li kanpe fèm sou koze reponn a bezwen kominote an paske li menm bay sèvis ba moun ki pakab deplase de kay yo, gadri, nouvo paran, etidyan ak enfim yo.
Nan lavni, Sistèm Biblyotèk la va asire nou ke lap kontinye travay pou kenbe ekselan sèvis li yo ak kontinye agrandi varyete ni materyèl li yo ak sèvis li yo pou ranpli tout bezwen kominote sila a kap kontinye grandi de jou an jou.
Istwa Sèvis Biblyotèk La
Depi denyè ane 1800 yo rezidan Konte Miami Dade yo ap jwenn sèvis biblyotèk. Mouvman pou ofri sèvis biblyotèk pran nesans ak inisyativ nan Miami Women's Club la. Klib sa te pwopriyetè premye lokal biblyotèk la, ki te konstwi an 1912 sou yon teren ke Henry Flagler te bay kòm kado. An 1942 kòm te genye plizyè lòt biblyotèk ki te finn bati yo vinn deside mete tout ansanm pou fòme Sistèm Biblyotèk Piblik Vil Miami a e li vinn yon depatman ofisyèl vil la an 1945. Sikisal Prensipal Biblyotèk la (Main Library) ouvè an 1951 nan Bayfront Park la.
An 1965 Vil Miami rantre nan yon akò ak Konte Miami-Dade pou bay sèvis biblyotèk nan tout zòn enkòpore yo ak plizyè lòt minisipalite yo ki chita nan Konte an. An 1971, Vil Miami transfere responsabilite administratif la ba Konte Miami-Dade la. Jodiya Sistèm Biblyotèk Piblik Konte Miami-Dade la tonbe sou administrasyon yon konsèy ki nonmen pa Asanble ki responsab la.
Apati de 1972 plis de 12 nouvo biblyotèk konstwi sou lajan ki sòti nan vant Bon Monetè yo (Progress Bond Issues).
An 1985, yo mete Biblyotèk Prensipal la (Main Library) nan Sant Kiltirèl Miami Dade la. An 1986 Biblyotèk Piblik vil Miami Beach la vinn kole boyol ak Sistèm Biblyotèk Piblik Miami-Dade la. An 1988 kominote an te vote pou yon ogmantasyon enpo sou le revni pou dezan ki founi plis de karantsenk milyon dola pou acha materyèl biblyotèk pou piblik la.
Le 21 Septanm, 2001, Asanble Komisyonè Konte an apwouve youn nan pwogram kapital biblyotèk pi agresif ki janm fèt depi twa denye dizan yo. Sou plan 13zan sa a, Sistèm Biblyotèk la a va konstwi sis biblyotèk de 15,000 pye kare, kat biblyotèk de 7,500 pye kare, ak wit ti biblyotèk de 2,500 pye kare.
Kat Biblyotèk Nou Yon Paspò Pou Sèvis
Kat biblyotèk nou se yon paspò ki louvri tout yon monn chaje konesans epi lwazi nan liv yo, revi yo, videyo yo, kompak disk yo, kasèt yo ak anpil lòt bagay.
Kat yo gratis pou tout rezidan ki abite nan distri ki takse pou biblyotèk nan Konte Miami-Dade la. Rezidan Bal Harbour, Bay Harbor Islands, Miami Shores, North Miami, North Miami Beach, Opa-Locka, ak vil Surfside la kab achte yon kat biblyotèk pou $50.00 pa an. Nap jwenn ni kat gratis avèk kat peye disponib e ki valab nan tout sikisal Sistèm Biblyotèk la. Timoun ki gen mwens de 13zan daj ap bezwen otorizasyon paran yo anvan yo bayo kat.
Aplikasyon pou kat biblyotèk la disponib sou entènet la. Pou aplike pou yon kat, vizite sitwèb Biblyotèk Piblik Miami Dade la nan klike sou "Library Information", epi chwazi "Library Card Application."
Nou ta mèt al pran kat nou nan nempòt sikisal Biblyotèk Piblik Miami-Dade la depi nou prezante yon kat idantite ofisyèl ak foto nou sou li ak prèv adrès lakay nou oubyen resi taks kay la.
Kliyan yo gen aksè a tout materyèl ki fè pati koleksyon biblyotèk la. Si Biblyotèk Piblik Miami-Dade la pa ta genyen liv oubyen atik kliyan ap cheche, kliyan a kab toujou voye mande atik sa a prete nan men yon lòt biblyotèk nan pwogram echanj ki egziste nan sistèm biblyotèk la.
Kliyan yo gendwa ak kat yo, de pwòp kompitè pèsonèl yo, tcheke dosye yo, rezève liv yo, chache enfòmasyon sou plizyè lòt koze, epi jwenn ni atik nan revi ni atik sou jounal.
Mèt kat la responsab tout materyèl li prete sou kat li yan e yap fèl peye yon amann si li ta remèt materyèl yo an retà oswa yo ta domaje oubyen pèdi. Amann pou materyèl pou timoun koute $0.05 pa jou, 0.10 pou liv granmoun, ak $1.00 pou videyo lè yo remèt yo an retà. Otomatikman ke w ta pèdi oubyen yo ta vòlè kat nou, oubyen nou chanje dadrès se pou nou rapotel ba biblyotèk la imedyatman.
Nou gendwa remèt tout materyèl ki prete nan nempòt sikisal sistèm biblyotèk la. Tout biblyotèk yo gen yon bwat espesyal pou lage liv yo aprè yo fèmen.
Biblyotèk Prensipal La
Biblyotèk prensipal (Main Library) Sistèm Biblyotèk Piblik Miami Dade la sitiye nan 101 West Flagler Street, nan mitan anba lavil Miami a. Se an 1985 ke yo deplasel de plas orijinal liya nan Bayfront Park la. Biblyotèk prensipal la pataje nouvò lokal liyan nan Sant Kiltirèl Miami Dade la ak Mize Istorik la Florid di Sid ansanm ak Mize Da Miami a. Tout bilding yo antoure yon ti plas santral kote moun kab chita, li, ak patisipe nan nempòt ki aktivite kap fèt la pou nempòt ki laj.
Biblyotèk prensipal la santral anpil piske li sitiye tou kole ak Stasyon Tren Metrorail Government Center la.
Depatman La Florid La
Depatman inik sa a ap fè nou jwenn enfòmasyon sou tout koze ki konsène "Sunshine State" la sitou sou Florid di Sid.
Koleksyon empòtan sa a genyen ladann liv presye yo, dokiman yo, foto yo ak ebdomadè Florid yo ansanm ak Floridiana ak ekriven natif natal Florid yo. Se ladann ke koleksyon 17,500 negatif ak dyapositif Gleason Waite Romer Collection yo chita. Li bay yon kont randi de istwa Miami nan negatif orijinal sa yo pou yon ti monnen. Pri yo va depann de gwosè emprimi an avèk ki kalite negatif swa blan e nwa oubyen papye espesyal (sepia).
Imanite, Syans Sosyal Ak Depatman Pou Jenn Moun
Liv sou kritik literè, filozofi, relijyon, psikoloji, sosyoloji, biografi, vwayaj, istwa, edikasyon ak syans politik fè pati michan koleksyon sa a.
Biblyotèk Prensipal la se yon biblyotèk ki gen rekèyman tout enfòmasyon rejyonal pou gouvènman Federal Lèzetazini ki gen ladann yon dal varyete de piblikasyon gouvènman. Li se tou yon koleksyon de kolaborasyon de Sant Fondasyon e li genyen laplipa de pi gwo piblikasyon yo an plis de lòt materyèl sou prezantasyon demann de bous ak demann pou ramase fon.
Nan seksyon pou jenn moun yo nou va jwenn enfòmasyon sou kolèj ak gid pou karyè ak liv e woman byen chwazi pou jenn moun.
Depatman Dèza
Koleksyon sa a gen enfòmasyon sou mizik, lèza vizyèl, spò ansanm ak tout aktivite artistik, teàt, dans ak film.
Anplis de liv yo, gen yon dal dosye ak foto ki kouvri anpil sijè ansanm ak yon dosye atis ki pale de tout atis la Florid di Sid yo. Koleksyon an gen ladann tou yon dal mizik, CD, liv sou kasèt, videyo, DVD yo ak film 16 milimèt yo.
Depatman Biznis Ak Syans
Nou kab fè rechèch sou enfòmasyon sou biznis, teknoloji, travay, pwoblèm konsomatè ak tout lòt rechèch sou yon seri sèvis ki la ni sou papye, CD-Rom, sou entènèt la oubyen sou liy kompitè a. Nou va jwenn nan koleksyon sa a plis de 200 ebdomadè, ak plis de 300 anyè komès ameriken ak etranje.
Nap jwenn anyè telefonik tout Letazini an ansanm ak anyè telefonik peyi etranje. Depatman an genyen ladann tou yon biblyotèk ki genyen referans tout patant ki janm anrejistre depi 1790. Gen klas pou ede kliyan yo fè rechèch sou patant.
Depatman Lang Etranjè
Depatman sa a genyen yon koleksyon komplè ni woman ni istwa reyèl an Espayol, Franse, Kreyol, Alman, Italyen, Pòtigè, Ris, Yiddish ak yon dal lòt lang ki chita nan depatman sa a. Koleksyon Espesyalize sou Kiba a genyen ladann yon varyete materyèl sou Kiba, ansanm ak yon koleksyon referans ak ensiklopedi. Genyen materyèl pou aprann lòt lang sou tep/CD. Revi ak jounal lang etranjè fè pati koleksyon sa a.
Depatman Jeneyoloji
Depatman sa a genyen yon koleksyon komplè de tout dosye resansman de 1790 a 1920 ki kouvri tout leta yo.
Lòt mikwofim yo genyen ladann yon Anyè Vil Lèzetazini ki kouvri vil prensipal yo de 1860 a 1935. Koleksyon liv sa a konsantre sou enfòmasyon sou età de lès Atlantik yo, ansanm ak piblikasyon sou preske chak eta nan inyon an.
Materyo jeneyolojik sa yo kompoze de 20,000 volim liv, 17,000 woulo fim, 5,000 mikrofish, pli de 320 tit jounal ansam ak plis de 100 disk kompak ki genyen ladann ansèt, rejis sètifika lanmò daprè sosyal sekirite ak dosye militè.
Ebdomadè Yo
Depatman ebdomadè a gen abonnman ak apeprè 650 revi ak jounal. Plis de 6000 jounal chita nan depatman sa an plizyè fòm. Plizyè jounal disponib an fòm elektwonik sou divè baz de done, abonnman biblyotèk la. Baz de done sa yo aksesib a kliyan biblyotèk yo nan nempòt ki sikisal biblyotèk la oswa menm lakay yo sou kompitè yo.
Sèvis Echanj Ant Biblyotèk
Sèvis sa a chita nan biblyotèk prensipal la. Sèvis sa a cheche materyo ki pa fè pati stòk Sistèm Biblyotèk la. Pou plis enfòmasyon, rele (305) 375-4068.
Merrett R. Stierheim Depatman Zafè Iben
Depatman sa a se yon resous empòtan pou amplwaye minisipalite ak amplwaye Konte yo ki nan distri ki takse pou Sistèm Biblyotèk la. Depatman sa a genyen yon gwo kokenn chenn koleksyon materyèl ki gen pou wè ak gouvènman lokal. Liv yo, ti bwochi yo, ansanm ak ebdomadè yo ki gen rapò ak planifikasyon, syans lapolis ak administrasyon piblik pou piblik la an jeneral.
Louis Wolfson // "Florida Moving Image Archive"
Youn nan pi gwo depatman achiv ak film nan peyi a se Florida Moving Image Archive (ki te rele lontan Louis Wolfson II Media History Center). Sous koleksyon sa a kap grandi de jou an jou an chita de kado ki sòti tout kote menm nan men stasyon televizyon, kompayi pwodiksyon, gwo biznis, òganizasyon endividyèl ak tout lòt sous.
Atravè wit dènye dizan ki sot pase yo Koleksyon Achiv sa a, ak materyèl ki date de 1910, genyen pli ke de milyon de pye de film e dè milye de tep videyo. Koleksyon sa a bannou chans pou nou reviv oubyen wè pou premye fwa, tout evennman ki make vi nou e ki make kilti rejyon nou an. Depi ouvèti li, piblik la an jeneral ansanm ak moun ki fè rechèch, etidyan, pwofesè, òganizasyon kiltirèl ak moun ki fè ni film ni videyo itilize achiv sa yo.
Piblik la ap jwenn aksè gratis a koleksyon sa a pa yon seri de seminè, apèsi ak ekspozisyon nan Biblyotèk Piblik Miami-Dade la oubyen lòt kote nan tout Florid di Sid la. Nou kab wè Pwogram ansyen ki fè pati koleksyon sa a nan achiv atravè twa pwogram televizyon yo ke yo bay sou Konte Miami-Dade la.
Sèvis Nan Tout Sistèm La
Kompitè ak Entènèt
Gen apeprè 400 stasyon kompitè disponib nan tout sistèm la ki gen aksè a entènèt ansanm ak pwogram word processing la, prezantasyon pou biznis (Powerpoint), leson prive pou timoun, ansanm ak aksè ni sou entènèt ni sou liy baz de done yo ki genyen revi ak atik jounal ladan yo.
Aksè Elektwonik Pou Enfòmasyon/Paj Dakèy/Branche
Nan sistèm enfòmasyon sou kompitè biblyotèk la, kliyan yo gendwa chache liv, jounal, revi, tcheke dosye kat biblyotèk yo, tcheke denye nouvèl sakap fèt nan sistèm biblyotèk la ak renouvle liv yo. Kliyan kap chache pou navige sou entènèt la fèt pou ale nan paj dakèy Sistèm Biblyotèk la dabò. Sit sa a ofri kliyan yo enfòmasyon sou tout biblyotèk yo ansan ak tout adrès yo, orè yo, istwa sou sikisal la, avi sou jounal, ebdomadè ak orè tout pwogram yo.
Nan sèvis poze kesyon "Ask-a-Librarian" la ki disponib sou Paj Dakèy Sistèm Biblyotèk la kliyan yo pral kapab jwenn repons dirèk sou kesyon oubyen sijestyon pou resous ki ta kab reponn kesyon nou yo. Repons yo ap vini pa kourye elektwonik le pli vit posib, dabitid de jou ouvrab.
Tout moun ki abite nan Sid Florid la gen fasilite pou li fè rechèch sou katalog tout biblyotèk la Florid Sidès, enfòmasyon Network (SEFLIN) biblyotèk ki patisipe yo ansanm ak lòt resous ki sou wèb la, nan SEFLIN portal MylibraryService.org. Sit sa a bay enfòmasyon ki klè sou tout lòt biblyotèk ki manm yo ak tout sèvis yo.
Biblyotèk Katye
Sistèm biblyotèk la gen plizyè biblyotèk katye, depi pi piti (1,200 pye kare) jiska rejyonal yo de (50,000 pye kare).
Biblyotèk yo ouvri de senk a sèt jou tou depan de gwosè yo. Yo bay yon seri de sèvis divè tradisyonèl ansanm ak resous e li menm ede ranpli bezwen edikasyonèl kominote a. Koleksyon yo reprezante pèsonalite katye ke sikisal la ap sèvi. Biblyotèk nan katye yo kontribiye a fòs sivik, kiltirèl ak ekonomik katye Miami-Dade yo pandan ke lap bay bon jan sèvis ba kliyantèl liya.
Pwogram Yo
Sistèm Biblyotèk la ofri yon varyete pwogram ak aktivite espesyal pandan tout ane a. Pwogram pou granmoun, tinedjè ak timoun ki sèvi pou sipòte ak amelyore misyon jeneral biblyotèk la pou yo kab pi byen reponn a bezwen enfòmasyon, edikasyon, ak lwazi nan kominote divèsifye nou an gratis.
Pwogram granmoun yo gen ladann prezantasyon ekriven yo fè, diskisyon sou liv, konsè, pyès teàt ak yon varyete de evennman espesyal sou le pase. Pwogram jenn moun yo gen ladann seminè pou preparasyon egzamen SAT, seminè pou jwenn kòb pou kolèj, lekti powèm, jwèt echèk, diskisyon lekti an gwoup, ak anpil opòtinite pou travay kòm volontè. Chak ane nou fete yon semenn ki konsakre a lekti pou jenès ki rele "Teen Read Week", ladann nan divè sant dacha gen konkou lekti, konkou pou prim ak yon dividal lòt koze.
Pwogram timoun yo menm gen ladann tire kont pou ni ti katkat, ni timoun nan jaden danfan, ni pou timoun ki nan primè, teat maryonèt, atizana, tire kont an de lang, ede fè devwa, ak anpil lòt aktivite. Genyen yon Festival Tire Kont an prentan, ansanm ak yon konkou Desen pandan Semenn ki konsakre pou Liv Timoun yo. Desen ki pote premye pri a ap repwodui e distribiye ba kliyan yo pandan tout ane a.
Pwogram S.M.A.R.T la (Syans, Matematik, ak Leson Prive pou aprann li) bay sèvis ede fè devwa pou etidyan depi nan jaden danfan jiska denye ane. Pwofesè sètifye bay timoun leson prive nan tout sikisal biblyotèk yo le samdi maten de 10:00 a.m. a 1:00 p.m. pandan ane skolè a (de Oktòb a Jen).
Ekspozisyon Yo
Koleksyon an pèmanans travo da yo nan Sistèm Biblyotèk la se yon sous de referans inik. Li dokimante plis de trant ane aktivite da vizyèl nan kominote Miami-Dade la. Li genyen ladann yon kantite limete de repwodiksyon tablo yo, desen, foto, ak liv atis, ansanm avèk de tizèv fòm twa dimansyonèl.
Li konsantre sou travo ki fèt sou papye ak travo ni atis Panyol ak Afriken-Ameriken ni atis Florid di Sid la. Tout èv koleksyon sa enstale nan tout sikisal piblik nan sistèm la pandan tout ane a.
Biblyotèk Liv Ki Pale Yo (Liv Sou Kasèt Epi An Bray)
Biblyotèk ti liv ki pale yo fè pati Sèvis Biblyotèk Nasyonal pou Avèg ak Enfim Biblyotèk Kongrè a.
Sèvis sa a bay tout kliyan ki pa kab li ti emprimri oswa pakab kenbe yon liv oswa wè pa enfimite vizyèl oubyen fizik opòtinite pou li ni liv, ni revi nouvo ak popilè yo sou kasèt ak an Bray. Sèvis sa yo gratis pou rezidan ni Miami-Dade ni Konte Monroe yo. Pou plis enfòmasyon, rele (305) 375-8687.
Sèvis Biblyotèk Pou Moun Soud Oubyen Ki Yon Jan Soud
Kliyan ki soud oubyen ki yon jan soud kab kominike ak biblyotèk la sou yon aparèy espesyal pou moun soud (TDD )oubyen ak Sèvis pa vwa "Voice Relay Service" la. Nimewo TDD pou chak sikisal biblyotèk yo make nan anyè telefonik la. Wap jwenn prete ni aparèy espesyal ki tache nan videyo pou moun soud ni videyo espesyal pou moun ki soud ak liv sou lang an siy. Tout kliyan ka pral asiste yon pwogram nan biblyotèk la ki bezwen swa yon aparèy pou ede yo tande oswa yon entèprèt lang an siy fèt pou kontakte Manadjè Sikisal la pou aranjman espesyal.
Nap Konnekte
Sèvis Biblyotèk "Connections" la, la pou granmoun oubyen moun nempòt ki laj ki pakab deplase yo de kay yo ofri kat tip de sèvis: Liv pa lapòs pou moun ki fizikman pakab fè deplasman de lakay yo. Depò liv avèk resous ki pwograme pou ede disponib pou azil granmoun, sant pou granmoun, ak sant gadri pou granmoun. Yo gendwa prete ti koleksyon liv ki an karaktè nòmal oubyen gwo, ozalò yon gwo varyete de materyo (ni pou sans touche, tande, avèk we) multi-sensorial ke yo itilize pou ede yo fè plis aktivite.
Pwogram Nap konnekte a ak kominote sa a pote bon jan kalite pwogram biblyotèk ba klib yo, òganizasyon granmoun yo, si skedil la pèmèt li. Pou plis enfòmasyon, rele (305) 474-7251.
Pwojè L.E.A.D. (Alfabetizasyon Pou Chak Granmoun Nan Miami-Dade La)
Sèvis esansyèl biblyotèk sa a bay granmoun leson prive gratis pou aprann ni li ni ekri an sekrè. Nap jwenn sèvis fòmasyon byen modèn pou moun kab bay leson prive ak sipò pou aprann moun ak etidyan ki fè pati sèvis la. Pou plis enfòmasyon, rele (305) 375-5323.
Pwojè "Jump Start" (Pwojè Demare An Lekti A)
Pwojè "Jump Start" Sistèm Biblyotèk la genyen kòm bi pou li kreye lanmou pou lekti nan tout gadri lokal yo. Ti pakè "Jump Start" yo genyen yon seri de zouti pou amizman, bon jan kalite tire kont sou yon varyete sijè. Chak ti pakè genyen ladann liv yo, ti jwèt manyèl, liv an twal pou timoun, chante ak yon kasèt mizik sou sijè a. Genyen enstriksyon nan ti pakè yo pou aprann kijan pou prezante materyèl la. Pou plis enfòmasyon, rele (305) 375-4116.
Bel Devlopman!
Sistèm Biblyotèk Piblik Miami-Dade la fè pati pwogram ajans Teach More/Love More la ki bay tout nouvo manman enfòmasyon de baz sou devlopman timoun piti.
Yon reprezantan Teach More/Love More vizite nouvò paran yo nan lopital la nan 24 è aprè yon timoun fèt reprezantan Teach More/Love More la bali yon ti pakè ki gen enfòmasyon esansyèl ladann. Travay sa fèt pou asire ke tout timoun jwenn resous nesesè yo pou yo jwenn bon jan devlopman entelektyèl, emosyonèl, sosyal ak fizik.
Ti pake pou ti bebe fèk fèt yo genyen ladann yon tikè pou paran yo al vizite biblyotèk la ansanm ak kat gratis pou biblyotèk la. Pou plis enfòmasyon, vizite: www.teachmorelovermore.com
Biblyotèk Sou Wou
Biblyotèk sou wou yo etabli espesyalman pou Sistèm Biblyotèk Piblik Miami-Dade la. Sistèm sa la nan distri takse biblyotèk Konte Miami Dade la pou asire aksè pi fasil a rezidan yo e rive jwenn menm sa ki pa gen sikisal biblyotèk tou pre lakay yo.
Biblyotèk sou wou yo gen 37 pye de longè, 8 pye de lajè kankou bis transpò yo. Andedan gwo espas sa a, chak genyen 4,000 liv ak lòt materyèl ki reprezante koleksyon liv nan yon biblyotèk piblik tradisyonèl. Biblyotèk sou wou a sèvi kliyantèl tout laj. Nap jwenn yon seleksyon woman depi sou klasik ak sa ki pi popilè yo; Istwa reyèl yo kouvri tout sijè. Koleksyon an gen ladann videyo, liv sou kasèt, ak materyèl ki an gwo emprimri.
Chak Biblyotèk sou wou ekipe ak kompitè pòtatif yo pou kab branche byen lwen a liy katalòg Sistèm Biblyotèk Piblik Miami-Dade la avèk è kondisyone santral pou konfò kliyan yo ak lif espesyal pou chèz a woulèt.
Chak semenn Biblyotèk sou wou yo vizite lokal deziye yo, sant dacha yo, ak pak piblik yo. Pou kab jwenn dènye kopi orè intinerè biblyotèk sou wou yo ale nan "Library Information" epi al nan "Special Services."
Biblyotèk Fè Chanjman Nan Vi Nou!
Gwoup "Friends" Biblyotèk Piblik Miami-Dade la fòme an 1974, yon òganizasyon benevòl, pou kreye sipò pou sistèm biblyotèk la ki te fèk ap etabli a. Jodiya Sistèm Biblyotèk la ak sipò "Friends" la sèvi de milyon rezidan. Travay "Friends" se kenbe nivò ekselans bibilyotèk la ak opòtinite volontè epi ak pwogram lonje la men, ak reprezantasyon.
- Reprezantasyon: "Friends" la jwe yon wòl empòtan nan tout sa ki gen rapò ak reprezantasyon Sistèm Biblyotèk la a nivo lokal, letà e nasyonal yo. "Friends" yo patisipe nan bay plis enfòmasyon avèk plis
konesans sou sèvis biblyotèk yo pou biblyotèk la kab resevwa lajan nesesè a pou li sèvi demann nan kominote ki pa janm sispann grandi a.
- Opòtinite Volontè: An plis deske yo bay kout men nan tout sikisal biblyotèk yo, pafwa yo rekrite "friends yo pou al travay nan vant anyèl liv yo ak lòt aktivite pou kolekte lajan.
- Onè Respè ak liv yo: Pwogram Onè ak liv " Friends" etabli a se o non de yon moun ke yap onore oubyen ke yo vle voye monte oubyen felisite ak fè kado liv ba biblyotèk la. Chak liv sa yo resevwa yon plak espesyal de Richard Merrick avèk non moun yap onore a e yo pibliye li tou sou ti ebdomadè Friends la
- Pwogram Espesyal yo: "Friends" yo rekòlte lajan nan enskri manm ak kado pou kab ofri pwogram koneksyon ki vini avèk tout kalite bagay depi se seri ekriven yo, ekspozisyon da, festival tire kont yo, leson prive yo ansanm ak seminè ni pou bizness ni pou kompitè. Pwogram sa yo empòtan paske se yo ki ouvri baryè sou plis konesans ak devlopman ki manyen tout kominote an an antye.
Si nou ta renmen konnen kouman pou nou vinn manm Friends Biblyotèk Miami Dade la, voye yon kourye elektwonik a nan oubyen rele 305-375-5017.
Konte Miami Dade La
Alex Penelas - Majistra Kominal
Asanble Komisyone Konte An
Sen. Gwen Margolis, Prezidan
Betty T. Ferguson, Distri 1
Dorrin D. Rolle, Distri 2
Dr. Barbara Carey Shuler, Distri 3
Gwen Margolis, Distri 4
Bruno Barreiro, Distri 5
Rebeca Sosa, Distri 6
Jimmy L. Morales, Distri 7
Katy Sorenson, Distri 8
Dennis C. Moss, Distri 9
Sen. Javier Souto, Distri 10
Joe A. Martinez, Distri 11
Jose "Pepe" Cancio Sr., Distri 12
Natacha Seijas, Distri 13
Steve Shiver
Manadjè Konte a
Robert A. Ginsburg
Avoka Konte a
Raymond Santiago
Direktè - Sistèm Biblyotèk Piblik Miami-Dade la
Asanble Konseye Biblyotèk Piblik Miami-Dade La
Helen Muir, Prezidan Emeritus
Jeff Donnelly, Prezidan
Georgina Angones
Ellery Brown
Zoila Datorre
Jij Margarita Esquiroz
Florentino Gonzalez
Mary Bailey Pierce
Dinizulu Gene Tinnie
Carol G. Wyllie
Mary Young
Maria C. Velez
Asanble Direktè "Friends" Biblyotèk Piblik Miami Dade La
Priscilla M. Greenfield, Prezidan
Ruth Admire
Georgina Angones
Anne S. Lee
William T. Muir
Janice Pryor
Sara Laxson Smith
Pauline Winick |