Nou ofri tout kalite pwogram pou timoun a pati de twa (3) ane jiska dizwit (18) ane.Nou envite e ankouraje patisipasyon yo ansanm ak oumenm. Sepandan, nou pa kabap ranplase ou pou nou bay swen ak sipèvisyon pou pitit ou ki nan biblyotèk la pou kont li.
- Parans / Gadyens kapab ede nou si nou:
- Aprann pitit nou adrès ak nimewo telefon kay li. Konsa nou ka rele-ou si gen ijans.
- Akonpaye pitit nou nan biblyotèk la ou sinon voye li avek yon lòt gran moun ki kapab voye zye sou li.
- Pa kite pitit nou devan pòt biblyotèk la avan menm ke yo ouvri pòt yo pou sèvis.
- Vin chèche pitit nou avan lè fèmti biblyotèk la.
- Menm gran timoun kapab grangou, distrè, oubyen pè lè yo rete pou kont yo twò lontan.
Regleman Biblyotèk La
Biblyotèk la se yon plas piblik. Li pa rekòmande pou kite ti moun piti devan pòt biblyotèk la pou kont yo apre fèmti.
Parans/gadyens responsab sekirite pitit yo lè biblyotèk la ap fèmin. Souple aprann lè fèmti sikisal biblyotèk la. |